16/04/2026
Moun kap pataje jan de imaj sa yo, kap di si n tap fè peyi Citadelle la ta dwe konsa, sispann. Citadelle se yon moniman istorik li ye, yon moniman dwe toujou pwòp men li pa dwe sibi transfòmasyon modèn. Li dwe toujou rete jan l ye a de jenerasyon an jenerasyon. Esansyèl se toujou pwòpte l epi byen itilize l pou l pa kraze. Si l ta merite reyamenaje, sa dwe fèt san l pa pèdi vrè idantite l kòm moniman.
Menm wout ki mennen Citadelle la pa ta sipoze twò modènize.
Pale sa nou konnen.
@à la une