14/08/2026
MEN SA N T AP TANN NAN!
Ou renmen teyat? Ou santi ou gen yon bagay pou w eksprime, men ou poko jwenn bon espas la?
San Tabou ak Twoup Gran Lizyè ap louvri pòt li pou ou!
Soti 27 pou rive 29 dawout 2026 Twoup Gran Lizyè ap òganize yon Fòmasyon Entegrasyon pou tout moun ki vle antre nan inivè teyat la, aprann epi grandi ansanm ak lòt pasyone pou sèlman 1500 goud.
Twa jou pou w kòmanse aprann, dekouvri talan w, rankontre lòt pasyone epi antre pi fon nan mond teyat la.
Plas yo limite se sèlman 25 premye moun yo ki enskri k ap gen chans patisipe!
Enterese? Antre nan lyen gwoup la epi fè pati avanti a!
Ak Twoup Gran Lizyè sèn nan ap tann ou !
https://chat.whatsapp.com/FxPyL6dOYHw55RNdhRZAH7?s=cl&p=i&ilr=0&amv=1