Feray_farrier

Feray_farrier farrier, vet technician, equine lover, nature lover, agent of change�
follow on instagram:

10/07/2026

🩺 ISTWA YON SOVTAJ KLINIK : Konbit POU LAVI BÈT NOU YO 🐴✨
Mwen kontan pataje videyo sa a avèk nou, ki montre yon gwo batay medikal nou sot mennen sou teren an pou n sove ti bourik femèl 97 kg sa a ak yon lòt bourik mal ki te prè pou mouri anba yon gwo kriz kolik kwonik (impaction).
Akòz grangou ak move jesyon fatra, bèt sa yo te vale yon gwo kantite sachè plastik ki te fin bloke trip yo nèt, sa ki te mete yo nan gwo chòk (hypovolemic shock). Gras a yon pwotokòl idratasyon byen solid: sewòm oral, ak terapi osmotique ijans ak siwo myèl, nou resi fè yo debloke trip yo, yo jete plastik yo nan poupou, epi jodi a yo kanpe djanm ap kouri epi rekomanse tete nòmalman! Nou te pwofite tou fè yon gwo koreksyon òtopedik sou pye chwal yo ki te deformation nèt apre 3 mwa san swen nap vini ak pati sa byento.

💡 KOUMAN POU W REKONÈT YON KA KOLIK NAN YON CHWAL OUBYEN BOURIK ?
Kolik se premye kòz lanmò sou chwal ak bourik. Piske bèt sa yo pa ka vomi, depi trip yo bloke, yo soufri anpil. Men siy kle nan konpòtman yo ki pou ba ou alèt :
1. Bèt la ap woule atè: L ap kouche tou long, l ap vire tèt anba, l ap tòde kò l epi l ap woule nan pousyè a akòz gwo doulè nan vant li.
2. L ap gade vant li: Bèt la ap toujou ap vire tèt li pa dèyè pou l gade vant li oubyen l ap bay vant li kout pye ak pye dèyè l yo.
3. Li pèdi apeti epi li tris: Li refize manje, li refize bwè dlo, li kanpe yon kote tèt li bese byen ba, epi zòrèy li yo kouche.
4. Li paka kaka: Ou ap remake bèt la ap pouse pou l fè poupou men anyen pa soti, oswa poupou l vin sèk kou ròch epi li gen yon move odè.
5. Li swe anpil epi l ap respire fò: Menm si l nan lonbraj, l ap respire rapid sakadé epi w ap wè dlo swè ap soti sou tout kò l akòz gwo doulè a.
⚠️ KONSÈY VETERINÈ: Si w wè yon bèt gen siy sa yo, PA JANM ba li Xylazine si l nan gwo chòk, epi pa kite l kouche sou do l. Fòse l rete kouche sou vant (décubitus sternal), epi kòmanse ba li gwo idratasyon likid dousman nan kwen bouch li pou w moli blokaj la anatandan doktè a rive.
Medsin veterinè se pa sèlman swen, se prevansyon ak edikasyon tou! Mèsi ak tout ekip la ak jenn yo nan fon parizyen
🇭🇹🌱

Adresse

#3, Frères44 Pétion-ville
Pétion-Ville
509

Téléphone

+50938800506

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Feray_farrier publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Feray_farrier:

Raccourcis

Partager